Mwen panse Prezidan fe anpil efo pou l esplike moun yo vre...

Darchello Says...

Mwen panse Prezidan fe anpil efo pou l esplike moun yo vre reyalite a, pou yo pa panse ke mirak devlope yon peyi sot na syel oubyen jis leve yon bon maten pou tt bagay chanje, se pou tt moun ki pou met men nan pat la a kelkeswa ti sa ou ta kap kontribiye.

Men gen yon problem nivo edikasyon ak jan moun yo panse e konprann ki ka ran mesaj yo mal pase de yon pwen pozitif ak yon pwen negativ.

Answit, akoz gen yon opozisyon nan peyi a ki pa ka fe ankenn analiz kritik de yon sityasyon ran bagay yo vinn pi konplike na men pep la pask yo jus ap travay pou enter tet yo e pati politik yo men pa pou peyi a. Se malere, ke jounalis yo ta dwe kontribiye tre byen nan divilgasyon mesaj yo pou pep la men se yo ki ran mesaj yo pi chokan pask yap fe yon travay ki gen fos kote oubyen ki nan avantaj yon sekte...

Reply to Msg 18519 Posted April 26 2014 at 12:13 AM

REPLY to this message

or start a NEW Topic