VIDEO: Mango Francique Haiti, yon kanpay pou vann li lòtbò dlo

ADD Video Comment  (3)

Gade video saa... Bèl Mango Francique byen FRE ki soti Haiti. Sa se yon kanpay pou montre konsomatè lòtbò dlo yo ki ap achte bèl mango Francique ki soti Haiti yo kijan nou rekòlte li, pwòpte li bien pwòpte, epi pran swen voye li ba yo pou yo ka pran yon bon gou Haiti nan boush yo a chak fwa yon goute yon mango Francique ORGANIC ki soti Haiti.

Gen yon conpayi USA ki rele Whole Foods Market, yon gwo conpayi ki vann mange naturel ak organic nan USA, Canada ak Grande Bretagne, ki presante menm video saa bay clientel li yo.

Initiative sa yo fe nou kwè tout bon ke lavi miyò pou peyizan nou yo pa two lwen pou vinn you realite.

Video Comments (3)

Rose Marie Demorcy says...

mwen achete yo nan whole food Santa fe. Mwen te byen contan goute mango francique anko apre 15

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Toujou min'm problèm nan,

Diaspora yo fò'n pa égoïste, vini ak idée nou tou, montré mango yo sé you'n min sé pa sufi, si nou vlé produi Haitien an ban'n à l'étrangé fòk nou ofri produi yo sou rézi Internet, chaché yon compagni web design et min'm mou'n ki ba nou domain name ak internat kap build web la pou nou an ka set program nan pou nou pou yon minimum $600 USD.

Nou kon'n sé po?

Reply  ... More

Kiki says...

Bel videyo.

Wholefood Market vann yo $3 pou youn bo kote m nan. M renmen achte yo paske li fè m sonje peyi

Reply  ... More

Comment on this video

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: VIDEO: Mango Francique Haiti, yon kanpay pou vann li lòtbò dlo edit

» »