VIDEO: Ile-a-Vache Haiti - Destination Social

ADD Video Comment

Gade video saa... Minis Delege bò kote Premye Minis la kap Defann Dwa Moun epi kap Lite Kont Grangou ak Malsite, Marie Carmelle Rose Anne Auguste, te rann li jounen mèkredi 23 avril 2014 la nan Ilavach nan kad yon misyon kout je sou sosyal gouvèlman an.

Misyon sa a rantre nan kad aktivite Gouvènman an ap mennen pou devlope zile a, epi amelyore kondisyon sosyal popilasyon an.
Minis Delege a te gen avèk li senk (5) koperan nan ki soti nan peyi Kiba. Twa nan koperan sa yo kap travay nan domèn konstriksyon t'ap etidye posiblite pou fè Sant Sante ki nan lokalite Madame Bernard a nan Ilavach tounen yon lopital.

De (2) lòt Kiben yo, fè pati de Brigad Edikatif Kiben an, e yo rete sou zile a pandan 10 jou pou mennen operasyon depistaj moun ki pa konn li ak ekri. Operasyon sa a ap fèt nan kad Kanpay Nasyonal Alfabetizasyon an Premye Minis Laurent Salvador Lamothe te lanse nan dat 21 mas 2014 la.

Minis Delege a te pwofite pasaj li nan Ilavach pou vizite yon latriye pwojè enfrastrikti sosyal Gouvènman an deja lanse. Nan menm moman pandan vizit li, pwogram EDE PEP, ak konkou Meri Ilavach, te distribiye 1000 panye solidarite bay yon dividal responsab fanmi nan lokalite Madame Bernard, La Hatte, Figuier, elatriye. Minis lan fè konnen tou gen bon jan dispozisyon ki gentan pran pou peye 3143 moun kap benefisye transfè lajan nan pwogram sosyal EDE PEP la.

Minis Rose Anne Auguste te pwofite okazyon an pou li te chita pale ak moun nan popilasyon an epi ak sila yo ki nan koze lapèch sou bon entansyon Gouvènman an genyen nan kad reyalizasyon pwojè devlopman sou zile a. Dyalòg la te fèt nan yon anbyans kè kontan ak respè youn pou lòt.

Back to Video List...

Comment on this video

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: VIDEO: Ile-a-Vache Haiti - Destination Social edit

» »