VIDEO: Haiti - Commemoration De La Mort De Dessalines, Interview President Martelly - 17 Octobre 2014

ADD Video Comment  (2)

Gade video saa... Port-au-Prince Haiti, Gouvenman Martelly-Lamothe la commemore La Mort De Dessalines jounen Vendredi 17 Octobre 2014 la... Anpil membre nan gouvenman an te presante yo sou pond Rouge pou depose yon jeb fleur sou tonm empereur Jean Jacques Dessalines.

Premier Minis Laurent Lamothe te la, President Chanm Sena repiblik la, Senateur Simon Dieuseul Desras, te la tou. President CSPJ a Arnel Alexis Joseph te la tou. DG La Police la, Godson Aurelus, te la tou ak anpil lot moun anko...

President Michel Martelly di nan yon interview te bay:

"Pati ki te pi difisil la, Dessalines fe li pou nou, epi nou menm, nou chita n-ap gaspiye li nan zafè yonn rayi lot, yonn bezwen plis pouvwa sou lot, yonn di lot pa bon, yonn pa vle mache a lot, epi n-ap pedi tan... Men nou yonn k-ap goumen a lot la, afè nou tou bon wi. men se pep la li menm ki ap soufri, Se pep la ki gen problem, se toujou konsa...

President Martelly kontinye li di: Gouvenman Martelly Lamothe la ap fe sa ki bon, li mande moun ki gen lot tandans yo pou yo mache ak gouvenman pito epi pou pa bloke ti bagay ki bon ke gouvenman li ap ap fe a...

President Martelly di anpil lot bagay ankò. li mande pou nou tout uni nou pou nou kontine wout la menm jan Dessalines te uni peyi a pou li te ba nou liberte.

Kisa ou panse de sa?

Kite yon mesaj

Video Comments (2)

Danis Bastien says...

Matelly I I'm Willy be happy for my vote because that is a face time I see some thing like that leave them stock just do wat u supose to do that

Reply  ... More

Londy Laperre says...

Mwen pou machand dessalines tounen yon dessalines tout bon pou tout ansyen moniman reprodwi jann te ye avan !pou tout moun ap vini vizite !pou papa dessalines kontan ke nou pap janm

Reply  ... More

Comment on this video

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: VIDEO: Haiti - Commemoration De La Mort De Dessalines, Interview President Martelly - 17 Octobre 2014 edit

» »