Trè byen! Kounyé a mwen kòmansé ap apran...

Patrick Princivil Says...

Trè byen !

Kounyé a mwen kòmansé ap apran tandé politisyen sa yo, sa jounalis Brézilyen yo dénosé a sé sak pwal akonpli.

Mwen pa nan paspouki ak pèson, yo wè klè koté zafè magouy la mennen yo tout moun mwen éspéré sa pap janm réfèt ankò.

Tout moun ki té patisipé nan magouy la dwé flanké yo déyò.

Sénatè Désras byen palé !

Kounyé a zyé yo kòmansé ouvè, nèg yo paka dim ké yo gen éskpéryans nan yon Palè pou yap kité Dyaspora paralizé kò yo nan yon ti kwen nan Miami ak New - York: nou konnen pifò moun sa yo sé kantè yo té pran san papyé nan men yo, yo pagen papyé nou pa menm bézwe palé de zafè lékòl aux États - Unis. Sé ban vyé moun sa yo ki té kotizé lajan yo an 2010 pou té voyé Michel Martelly monté Prézidan ak 8 paspò nan men li. Fò yo apran konnen byen ké Prézidan Martelly pat yon Krétyen épil pat menm gen oken ékspéryans politik.

Nou pa bézwen nan bla bla bla bla ! nan révélé karyè sweet Miky Michel Martelly ki té biznis komèsyal li. Kou sa a yo pran la a kòmansé ouvè zyè yo, men yo paka dim si yo vrèman gen ékspéryans politik pou yap kité kandida pasé sou yo nan éta sa yo, li pa fè sans. Sé pou moun sa yo aksépté ké yo té yon mas kréten. Dépi yo sispan fè wélé wélé nan lari pou yap chaché jistis nap kòmansé wè si yo sivilizé.

Dépi yo pa nan alé éstasyon radyo fè éstéra nan radyo la a map ka wè chanjeman nan yo menm. Pakèt maniféstassyon pa tap ka édé yo vré pandan 5 ans sa a. Kèlkéswa sé yon bòkò oswa yon manbo ki pakon li kap kenbé liv yo tèt anba: kèlkéswa sé yon moun konsa CEP a aksépté kòm kandida Prézidans péyi d'Ayiti, bòkò sa a oswa manbo sa a monté Prézidan nap kenbél pou 5 ans. Sé pa lè Kabrit la fin pasé pou nap rélé anmwé fèmen baryè.

Péyi d'Ayiti pa pou gouvernman Amériken kotél pwal pasé pou lal mété moun li vlé an Ayiti nan tan pam nan?

Bagay sa a ké Raoul Sédras té fè Jean Bertrand Aristide la pagen dwa fèt nan péyi d'Ayiti ankò tou otanm vivan.

Sé konsa tou rakétè nan douane yo, rakétè la mairie, Kazèk, Asèk etc. pap byen vini dévanm tou, si yal monté sou menm ti sistèm, soufrisken, mésken, ti visyé yo pou yap kontinyé akonpli yo. Jan nou kanpé a sé jan an gouvernman Amériken, la France, Canada ap tayé kanson nou.

Chak 5 an pou nouvo pati ap vidé gouvernman a tè épi ranplasé yo pa moun kap maché boulé kaochou, koté sa mennen nou?

Nèg yo chwazi koup malédiksyon an épil tonbé sou do yo, antouka mwen paré pou vyé rakétè nan douane yo kap jélé konténè moun pou un avan yo rési bay bòdo yo. Michel Martelly bat ansyen gouvernman yo pou vòlè tandiské jodi a nou kenbé PHTK, ak tout lòt ékip PHTK yo pou magouyè, nan pami 2 péché sa yo sak pi gwo?

Pa di map méziré péché, dabò si nou té ini nou kèlkéswa blan zyé vèt tonton makout la, kèlkéswa nèg po wouje pataka dominen zansèt nou yo konsa.

Dabò pou sa zansèt nou yo té pasé anba men blan Fransè, péyi d'Ayiti pata dwé janm tonbé nan men nèg po wouje.

Dabò moun sa yo mété nan tèt yo jis pou koulè yo ké yo plis pasé nou - menm pèp nwa a, gadé jis kilè gouvernman Amériken an rési kité yo nwa Prézidan aux États Unis; sil vou plè sa yo rési chwazi a sé pou vyé zèv masisi ak madivine ak tout lot vyé bagay malonèt ki pa fè bonDyé plézi. Sé sak fè yo tap wodé kò yo pou yo té nan rasanblé nan ELRANCHO pou té itilizé Steven Bénoit pou té anglouti Ayiti nan nwasè pi rèd ké janl yé la, mantè a pèmèt li poul tap di kél pat wè sal té siyen an. Pou wè Michel Martelly soti nan chat charonje li, li monté Prézidan sou tèt tout moun: vlél oswa pa vlél, li bétizé prémyé minis, Sénatè, li démantelé Paléman, li fout Sénatè kont gaz yo, li fout moun nan prizon janl vlé; men jodi a pròp yomenm menm ap akizél nan frode jodi a. Le mal est déjà fait, la press di kél acheté yon bèl gren chato pou $ 9, 000, 000 (milyon) dola Amériken épi anpil nan nou - menm ap aaaaaaaaaaaaam !

Tout sé konsékans péché, épi yo pap janm korijé, sak pwal ranplasél la pwal fè pi mal. Tout mèm Prézidan Martelly gen yon bagay nan tèt li, li pa déplimen Ayiti nèt, menl pèmèt ké nou ka acheté ti machine agrikilti yo nan péyi d'Ayiti.

Bagay nèg pat janm menm révé, mwen éspéré ké rès Prézidan ki gen pou ranplasél yo pa détwi résous sa a.

Posted November 23 2015 at 10:10 PM

REPLY to this message

or start a NEW Topic

Messages in Topic

Subject Author Date
Tre Byen! Kounye A Mwen Komanse Ap Apran Tande Politisyen Sa Yo, Sa Jounalis Brezilyen Yo Denose A Se Sak Pwal Akonpli. Mwen Pa... Patrick Princivil 11/23/2015
Dream On,Bone Chance Ou Nome Tout Pi Gro Criminel Yo Fe Sa Epi Haiti Ap Mouri Pou Tout Bon. Genevieve 11/24/2015