Moun ki te vote pou misye al reprezante yo kòm...

Jules Charlemagne Says...

Moun ki te vote pou misye al reprezante yo kòm senatè pi mal ke misye ankò.

Mw pa konnen si misye se diferans li pa ka fè de kisa ki ap bon pou peyi ak kisa ki ka detwi peyi. Men mw panse tout moun ki gen bon sans ka wè si Prezidan Martelly ale ap pi mal pou peyi. Sa mw panse ki ka mye pou peyi a, se byen siveye gouvènman ki sou pouvwa si lap fè sak pa ta dwe fèt pou opozisyon an denonse yo kòm sa dwa, epi pran nòt, ak rasamble prèv yo si gen bagay ki merite pou rele responsab yo devan lajistis pou yo fè sa. Men voye Prezidan ale se vrèman pa yon bòn ide, nou konn ki rezilta sa ap bay deja. Eske yon moun ki di ke li renmen peyi li, se sa yo li ta renmen pou li?

Epi tou manda Martelly preske fini, si nou renmen peyi a vre, fè yon simp ti kalkil nap wè sa kap pi bon pou peyi a. Deja, à kòz dezò sa yo senatè Moïse ap fè nan peyi a, mw pèsonèlman konn pliziè moun ki te gen pou al passe fèt la Ayiti e yon seri de lòt ki ta dwe ale pou al regle kèk biznis Ayiti ki pa ale ankò a kòz de bagay sa. Donk, sa se yon ekzamp nan tout mal bagay sa yo ap fè Ayiti cheri nou an.

Posted December 28 2014 at 10:55 AM

REPLY to this message

or start a NEW Topic