Kosèné grèv profésè nan la rue en...

Patrick Princivil Says...

Kosèné grèv profésè nan la rue en Haïti-a mou'n sa yo Prezidan Martelly ak Lamothe ka négosyé a mou'n sa yo, songé byen ké la police, profésè ak élève l'école sé yo
min-m ki résource pays d'Haïti. Si Munistha, la police, Profésè fè grèv bagay yo ap mélé.

Mou'n sa yo fèt pou yo ta byen touché.

Mwen pa pousé person al fè grèv, Président Martelly ak Lamothe gin yon bonne volonté pou aidé pays d'Haiti avansé min mézanmi bagay yo di vré wi ! Lè wap gadé yon pakète jeune ki fini l'école en Haïti Yap plin'yin ké yap fini gran mou'n, yo paka jwen travay pou yo fè, grangou ap fi'n touyé, lè map tandé bagay sa yo sa fè'm mal, gin nan fanmi'm ak frères légliz ak soeurs légliz kap subi min'm pèn nan tou mwen obligé rété bouche fèmin paské mwen paka aidé yo, anpil nan noumin-m pauvres nan Canada min devant Haiti nou parèt tankou multi-milionè, sa sé yon malédictyon.

Valè kaye ki sot krazé en Haïti, konbyen yo payé pèp Haïtyen ak métyé construction sa yo?

En nou rélé sou kò nou bagay yo sal, koté pil tent sa yo ki bati yo, travayè sa yo pa touché an-yin min'm pou yo ta aidé fan-mi. Au Canada salaire minimum sé $10 chak une heure de tant; Président Martelly ak Lamorthe pasé nan grand pays yo kon'n règle yo, mou'n kap travay di nan construction en Haït, pou mou'n kap bwasé mortyé a, kap bay planche, bois, roche etc pakab fè yon $100 Haïtyen met nan poche yo par jour, sa sé yon plichon mézanmi.

En nou pansé ak ti comerçant yo nan la rue yo! Anpil manman pitit yo ap van-n nan la rue en Haïti par fwa mou'n nan gin 10 grain'n zoranges si, sé sa li poté pou tout jounin an et li gin dwa gin plis ké 10 pitit pou'l okipé san konté servant kap travay avek yo et mari pap travay, mézanmi sé pa critik, Haïti min'm pa tap yon pays?

Mou'n yo droite et gauche; mou'n bati min grosè kayes biznis yo tout bò la rue yo en Haïti, yo komansé yo, yo pa fini yo mwen pa min'm bézwen parlé de peinturé, kòman pays sa- a pwal bèl la-a si nou pap toujou ap digé yo pou fè yon bagay pou Haïti bagay yo ap mélé.

Président Martelly ak Lmothe dwé taxé tout mou-n ki gin commerce raisonable nan pays d'Haiti, mou'n kap travay nan l'état yo dwé taxé plis paské yo fè kont kob yo anba table.

Prezidan Martélly ak Lamorthe dwé pran kob tax sa yo et fè carte social avec photo tout commerçant yo kap van ti zoranges si nan la rue en Haïti.

Mwen pa politicien min map bay sa'm pansé, Président Martelly ak Lamothe dwé prété ti pauvres mizérable marchandes sa yo yon minimum $1000 USD. avec interêt plis yon ti tax pou pays a marché, attention! Pa kité ti vicieux ranmasé tax yo non, pou rouleman pa fèt anba table, bagay sa yo ap fèt a sou carte social yo plis carte d'identité, liscense ak photo, si kob la pa rentré nan caisse l'état pou marchandes yo bay koté kob la pasé.

Mézanmi si gouvernement Américains, yon nation ki fè dès année ap kasé ponyèt mou'n kounyé -a ap fè maraton; poukisa Président Martelly pa fè min'm bagay la tou, mwen pa Jan'm kontribuyé ak chat maron, depuis sé Canada-Haïti nan moment sa yo mwen tap bay participation-m. An nou fè yon jan pou'n levé ti pauvres maléré yo a tè a mézanmi bagay yo pa bon konsa.

Nou kon'nin kèm fèm mal pou yo?

Min par kont kèm fèm mal pou servitè Bondyé ki victim nan min'm vieux situation avec méchants yo, kèm pa fèm mal pou méchants yo Sé pou sa dépuis yo prété l'argent gouvernement yo, ya'l gaspiyé li nan pieds ougan, malfèktè, loto etc. foutre yo nan prison pou jiska sé ké yo payé l'argent-an et pa Jan'm prété yo ankò

Posted May 16 2014 at 1:08 PM

REPLY to this message

or start a NEW Topic

Messages in Topic

Subject Author Date
Kosene Grev Profese Nan La Rue En Haiti-A Mou'n Sa Yo Prezidan Martelly Ak Lamothe Ka Negosye A Mou'n Sa Yo, Songe Byen Ke La... Patrick Princivil 05/16/2014