Sa se yon video komandite, se pa yon repotaj ou dokimant&#232...

Raynald Delerme Says...

Sa se yon video komandite, se pa yon repotaj ou dokimantè indepandan.

Sa ka eksplike pouki tout komantè yo dirije nan yon sèl sans. Gen anpil kesyon ki pa poze nan video sa a. Eske moun lilavach vwayaje souvan ki fè ke èpot la pwal sèvi yo?

Ki kontra leta pwal ofri yo sou tè lilavach pase tout il lan ditilite piblik?

Eskie moun ki te gen propriyete lilavach pwal vini fèmye leta kounye a ou eske se konpayi touristik intènasyonal yo kap gen dwa a fè fèm ak leta Ayisyen?

Nan konpayi kap vinn instale lilavach yo, konbyen nan yo moun ki nan aktyel gouvenman sa gen aksyon ladan yo?

Sa se pou evite ke sakap fèt yo pa nan interè pèsonel moun ki o pouvwa yo. Kob kap investi nan devlopman sosyal lilavach, pouki sa pat fèt anvan ou eske wout ak lopital kap kontwi yo, se pa pou bay plis valè a investisè lilavach yo. Anfin, video sa gen merit ke li dwe genyen an kom apui a pwojè gouvenman an pou lilavach.

Men a kesyon ki poze a, "Si ou Vreman vle konprann zafe Ile-a-Vache la", video a pa reponn a problem lilavach ap fè fas kounye a. Anplis, kesyon an gen yon souzantandu vwale ladann klote li di "vreman" an. Sa vle di nou kwè o depa ke gen yon mank de volonte de kwè lakay piblik lan.

Posted April 23 2014 at 7:55 PM

REPLY to this message

or start a NEW Topic

Messages in Topic

Subject Author Date
Mesi Premye Pou Promotyon Touristik Ki Devni Yon Realite,Soley Changman Ap Brye Ak Gouveneman Martelly Lamothe. Eugene Jean Marc 04/23/2014
Mesi Premye Pou Promotyon Touristik Ki Devni Yon Realite,Soley Changman Ap Brye Ak Gouveneman Martelly Lamothe. Eugene Jean Marc 04/23/2014
Mesi Premye Pou Promotyon Touristik Ki Devni Yon Realite,Soley Changman Ap Brye Ak Gouveneman Martelly Lamothe. Eugene Jean Marc 04/23/2014
Sa Se Yon Video Komandite, Se Pa Yon Repotaj Ou Dokimante Indepandan. Sa Ka Eksplike Pouki Tout Komante Yo Dirije Nan Yon Sel... Raynald Delerme 04/23/2014