VIDEO: Haiti - Mesaj President Martelly pou Ouvèti Lekòl La

ADD Video Comment

Gade video saa... Haiti - President Martelly te adrese pèp la nan okazyon antre lekòl 2014-2015 la... Tande kisa misye di nan mesaj li a...

Martelly di yonn nan priyorite li te genyen yen se voye timoun lekol depi lè li te pran angajman kop prezidan peyi a. priyorite saa pa janm change jiskapresan dapre li...

Li di l-ap ge tou jefò posib pou bay chak ti moun Haiti yon ti moso pen linstriksyon.

Martelly envite tout paran ak tout notab pou yo bay kontribisyon sa yo epi ede li nan jefò saa ke li ap fè pou blayi limyè la konesans nan tout peyi a...

Se lekol la ki fa fè tout rev vini tounen yon reyalite, se sa Martelly di.

Li promèt tou pou akonpaye profesè yo pou pèmèt yo bay yon pi bon kalite edikasyon an Haiti. Martelly salyw angajman profesè yo pran pou retire timoun yo nan fè nwa ak inyorans...

Li di avni peyi d'Haiti se nan men timoun yo li ye, kidonk se sou zepòl profesè yo chay la chita pou edike ti moun sa yo pou rèv nouvo Haiti saa kapab vini you realite...

"Mwen konte sou nou," Martelly di profesè yo, "menm jan paran yo konte sou nou pou bay timoun yo bon jan ledikasyon pou yo ka itil tet yo ak peyi a demen."

President Martelly pale ak timoun yo to, li mande yo pou yo pran lekòl you o serye, pou yo ale lekol chak jou, etidye tout leson yo epi fè devwa yo.

Also watch this video...

VIDEO: Miss Haiti 2014 - Carolyn Desert

Back to Video List...

Comment on this video

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: VIDEO: Haiti - Mesaj President Martelly pou Ouvèti Lekòl La edit

» »