VIDEO: Haiti - La Police di OUI nou gen dwa fè Manifestation men fok Constitution an Respekte...

ADD Video Comment  (4)

Gade video saa... Chef la police Haiti a, Godson Orelus, di La Police pa ka anpeche manifestation fet nan peyi a men, fok manifestation yo fet nan lod ak disiplinn si non, se travay la police pou mete lod nan dezod... Li bay exanp sou manifestation 17 Oktob 2014 la...

Nan yon interview Godson Orelus te bay jounal Le Nouvelliste, li di:

"Si-m intèdi moun manifeste, mwen vyole consitution an... CEPENDANT... Menm constitution an, li bay la police otorite tou pou li kontole lari a, pou kontrole, proteje vie e bien pou li asire-l ke tout sa ki ap fèt nan lari a, yo fè au respect de la loi..."

Godson Orelus kontinye pou li di ke pande konstitiution di ou ka manifesta a, VIOLENCE la, constitution an interdi li, e nou tout konnen ke manifestation en Haiti se opportunite tou pou kek zèfèyis fè zak malonèt sou bien malere ak malerèz ki nan lari a... Eske-m manti?

Godson Orelus di, antan ke Chef La Police la, si li kite manifestan yo kraze brize nan lari a, li gen yon responsabilite la dan li.

Li pran exanp jounen 17 Oktob 2014 la, jounen ki te genyen gro manifestation opposition an pandan ke gouvenman an tap fe fet traditionel pou komemore jounen lanmò Dessalines. Chef polis le fe konpran se gras a intervention la police ki fè de group opose sa yo pat rankontre nan lari a. li fe konnen ke opposition an pat respekte lod pakou ke la polis te bay pou anmeche rankont saa.

Opposition an kritike la polis paske manifestan yo te pran anpil gaz lakrimojenn ak dlo grate men Chef polis la fe konprann ke manifestation te soti pou pase nan zonn Delmas 2 kote pre kote lot seremoni an tap fet.

Orelus di tou ke li patap kite manifestation an rive Petion Ville apre tout menas ki te fèt

Chef la polis la di tou ke dirijan ki ap oganize manifestation pa vreman kontakte la police, se yon Huissier ki pote papye korespondans la vini bay la police san okenn kontak information dirijan manifestatin yo. sa ki lakoz la police pa ka menm kontacte dirijan sa yo.

"Le yo voye li, "Godson Orelus di, "ou pa we okenn moun ki siyen... Fok gen yon prise de contact on yon organisateur manifestation ak la police... pa genyen-l..."

Pou tout oganizatè manifestation ki panse yo ka rele Chef la police Godson Orelus La Justice, men ki sa li di sou sa: "La lwa banm dwa pou-m fè yon travay poum pwoteje pou yon moun relem la justice? e byen m-ap tann moun k-ap relem la justice la! Se pou yo vinn rele-m la Justice! M'ap tann yo! M'ap tann moun k-ap relem la Justice la! Mwen menm se travay mwen m'ap fè, mwen pap intimide nan travay mwen an. depi konsyans mwen klè, mwen pa bezwen moun renmen-m..."

Kisa-w panse?

Kisa-w panse de sa?

Back to Video List...

Video Comments (4)

Tiblanc says...

Mwen dako ak deklarasyon chef polis la si li fe sa konsa, paske fok peyi a chanje nou paka deye tout tan mezanmi, tout tanse yon kraze bwize ki paka fini nan yon

Reply  ... More

Jay says...

Nan jou 17 oktob la. pa gin okin n rezon pou lapolis bay manda pou fe manifestaation paske jou sa a se youn jou de reflexsyon li ye se mank de respe pou gran jou sa a poin ba tout moun boule kaochou, kraze brize se ak kriminel li ye lapolis dwe pwan aksyon sou tout zak sal sa

Reply  ... More

Ben says...

mwen felisite Mesye Godson a 100/100 paske nan peyi m moun pa respekte otorite .koman ou ta vle pou bagay yo rete menm jan an, ki wol yon chef la police.

le w pa jwenn securite wap mande ou securite.

le securite ap pwoteje w wap voye pye, chef la police la di li pa la pou l fe w abu, men li la pou l pwoteja

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Mwen sa map di nan sa mwen menm,

Nèg pa gen dwa pou nan boulé kaochou, voyé ròche, krazé brizé.

Maniféstasyon ka fèt nan yon fòm ké yo bézwen gouvernement Haitien an fè yon bagay séryé pou yo san bri san kont épi Prézidan an dwé itilizé pòt vwa e bayo yon répons pozitif, sé konsa bagay yo fèt nan gran péyi.

Reply  ... More

Comment on this video

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: VIDEO: Haiti - La Police di OUI nou gen dwa fè Manifestation men fok Constitution an Respekte... edit

» »