VIDEO: Haiti - PM Laurent Lamothe rencontre ak "Les élites De Hinche" - Men Kèk problem URGENT Premier Minis la DWE Konnen...

ADD Video Comment  (1)

Gade video saa... Moun Hinche Haiti yo... Premier Minis Laurent Lamothe rencontre avec "Les élites De Hinche," Yon group citoyens Hinche pou solisyone kèk problem URGENT... Men Kèk problem URGENT Premier Minis la DWE Konnen...

Premier Minis Lamothe, Asphalte Ville la tanpri, se sa ki pi URGENT, pa betonaj non PM, asphalt, vil Hinche piti, sa pap pran anpil lajan...

Lefini tou Premye Minis... Mache Hinche la pran tout vil la pou li, pa pito nou voye mache a deyo vil la... Li tap bon anpil si mache a te fet deyo vil la paske... Zafè bourik, milet, cheval ak kk nan tout lari yon vil ki se KAPITAL yon depatman nan yon peyi a, fok sa sispan si vreman vre Haiti is open for Business...

Voye mache a lotbo pon vincent pito, chaje espas...

Twazyem bagay Premie Minis... Moun Hinche se arebò riviere Guayamounco yon jete fatra... Sa pa bon di tou. yon ti vil tankou Hinche, fok nou ta komanse itilize kamyon fatra ki pase pran fatra a yonn ou de fwa pa semèn al jete nan yon lot kote deyo vil la nan yon yon LANDFILL

Mwen panse dosyer sa yo tres urgent, mwen swete "Les élites De Hinche" te pataje yo avek ou... Mwen swete yon panse pi lwen ke pwent nen yo...

Mesi...

Yon sitwayen Hinche...

Video Comments (1)

Yves Thomas Jean Gilles says...

1) Nou di Premye Minis la rankontre ''Les Élites de Hinche'' men mwen pa konnen ki moun ki fè pati ''Les Élites de Hinche'' sa a.

2) Konnen ou pa, men deside bay teren pou yo mete mache a ak simityè a ke mwen wè ''Les Élites de Hinche'' pa mansyone ki dwe deplase ktel ye a.

3) Mache pa dwe sou wout nasyonal, donk lòt bò pon Vincent..se ki kote?

Mèsi

Reply  ... More

Comment on this video

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: VIDEO: Haiti - PM Laurent Lamothe rencontre ak "Les élites De Hinche" - Men Kèk problem URGENT Premier Minis la DWE Konnen... edit

» »