VIDEO: Haiti - Ansyen Premye Minis Enex Jean Charles te prevwa Jovenel Moise ak Jack Guy Lafontant tap echwe

ADD Video Comment

Gade video sa... TOUT Ayisyen dwe gade video saa.. Ansyen Premye Minis Enex Jn Charles deklare Peyi Dayiti pa gen kote li pwale paske genyen des groupes nan peyi a ki spesyalis nan bloke peyi. Gen lot moun ki la se enterè pa yo selman ki konte. Depi yon bagay pa ale nan sans entere yo, y ap gate l. Experience vécu, li di.

Enex Jean Charles di gen anpil kadna ki sere toupatou nan peyi sa a pou nou paka fè yon pa.

Enex Jn Charles di li te telman we pikan kwenna toutpatou nan peyi a li rann kont kelkeswa moun ki genyen election an patap ka fè anyen pou peyi a.

Sa se yon video ou dwe gade.

Ancien premier minis Enex Jean Charles di anpil bagay. Li pale de Jovenel, li di Jovenel Moise byen genyen election an paske li menm ak President Privert te pran tout dispozisyon nesesè pou ke moun ki gen election an se li ki rantre nan palè a.

Kijan YO infliyanse yon Premye Minis?

Enex repon: "Yo enfliyanse w sou 2 fòm: Yo ofri w avantaj epi yo fe w menas (si w ale la men sak ka rive w)"

Jounalis: "You te konn fe w menace de mort?"

Enex: "Tou Naturellement!"

Enex Jn Charles di: te gen yon kominike ke ni prezidan chanm senat ki prezidan chanm depite a te siyen ki di mandat privert fini se li ki en charge... yon dokiman officiel. yo ofri Enex Jn Charles PREZIDAN, li REFIZE.

Se nan Bassin Bleu ansyen premye minis Enex Jn Charles te soti nan silans li nan yon emission special Matin Debat ak jounlais Louki Desir fen mwa Avril 2018.

Comment on this video

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: VIDEO: Haiti - Ansyen Premye Minis Enex Jean Charles te prevwa Jovenel Moise ak Jack Guy Lafontant tap echwe edit

» »